Cardi B leve yon nich gèp lè li sijere pou repiblik Dominikènn fè yon sèl ak Ayiti

372

Sen Domeng___(TRiboLAND) Cardi B, se te youn pami yon seri selebwite kit e ekspwime  supò li anvè pwotestasyon kont lanmò George Floyd. Koulya, rape a nan mitan yon gwo kontwovès lè li sijere inite ant repiblik Dominikènn avèk Ayiti.

Avèk plizyè imaj nan manifestasyon nan peyi Etazini ki montre tou 2 drapo peyi yo pataje tèritwa Ispanyola e avèk yon senbòl “Inite se sa mwen repwezante e se sa mwen ye,” vedèt la sansibilize fanatik li yo ki pa tèlman dakò avèk rape a.

“Sa mwen apwesye. Sa mwen renmen! Pap janm vire e tounen e se pa nan sa mwen kwè e se pa sa map defann. Inite, se sa mwen repwezante e se sa mwen ye,” dapwè kòmantè super star Cardi B ki orijinn Dominiken.

Belcalis Marlenis Almánzar ki gen non pwofesyonèl li kòm “Cardi B,” se yon rapè ak yon pèsonalite televizyon amerikènn e yon atis ki resevwa twofe Grammy. Fòtenn Cardi B estime a 24 milyon dola US.

Comments are closed.