Memwa an kreyòl pou etidyan ki nan Syans Edikasyon nan Inivèsite Piblik Nò, Okap

187

08/02/2022

Kap Ayisyen, Ayiti _____ (TriboLAND) Nan yon sikilè ki soti lendi premye dawou 2022, aprè dènye chita pale ki te fèt nan dat ki te 29 jiyè ki sot pase la. Etidyan ki nan Syans Edikasyon nan Inivèsite Piblik Nò ki twouvel-l Kap Ayisyen (UPNCH), ap ka ekri ak soutni memwa yo nan lang kreyòl.

Desizyon sa soti aprè yon seri chita pale ak atelye syantifik ki te kòmanse depi nan mwa me 2022 a, sou rechèch ak chwa lang redaksyon ak soutnans memwa e aprè konsiltasyon konsèy Inivèsite a kote rektora valide desizyon an.

Etidyan ki chwazi redije memwa yo an kreyòl ap jwenn akonpayman lengwistik espesyal yon prosesif ki fòme pou sa, yon fason pou asire ke kritè ak egzijans akademik sou nivo lang nan travay memwa yo respekte.

Daprè Joram Vixamar ki se rektè Inivèsite a, desizyon sa ap kòmanse aplike nan ane akademik 2022-2023, men se pou Etidyan Syans Edikasyon yo, paske se sèl nan fakilte sa ki gen kou kreyòl nan moman an.

Comments are closed.