Otorite konsène nan Wanament sezi nan lari, nan market ak nan famasi plizyè pwodwi ekspire

1,433

07-27-2022

Wanament, Ayiti ___(TRiboLAND) Direksyon Depatmantal Ministè Komès ak Endistri branch Nòdès (DDNE/MCI) ap entansifye vizit e fè enspeksyon famasi ak makèt atravè vil Wanament lan.

Akonpaye la polis, ak ofisye sanitè, sèvis enspeksyon nan Direksyon Depatmantal Ministè Komès ak Endistri (DDNE/MCI) vizite madi 26 jiyè 2022 a market ak kèk famasi epi verifye dat ekspirasyon, pri ak kalite pwodwi etale yo kap vann sou mache a.

Se konsa, sèvis enspeksyon an rive dekouvri plizyè pwodwi ki expire ak sa ki andomaje. Yo voye jete plizyè pwodwi andomaje, ekspire epi sezi plizyè lòt. DDNE/MCI la di: li vle rasire popilasyon Wanamant la ke lap kontinye pwoteje konsomatè yo.


Jn Simon Manex

Comments are closed.