Rochenel Mondésir: papa foutbolèz Nérilia Mondésir mouri

1,169

Pòtopwens____(TRiboLAND) Entènasyonal Ayisyènn, Nérilia Mondésir ap plere lanmò papa l ki se Rochenel Mondésir alyas “Bouki” ki voyaje pou lodela nan lanwit 3 jwen pou rive 4 jwen 2020, dapwè yon sous familyàl.

Atakan Montpellier HSC ak Sélection Haitienne Football Féminin an pral nan nesesite anpil sipò moral ak sikolojik fas ak yon parèy disparisyon ki kapab anjandre gwo enpak sou karyè pwofesyonèl li.

Se yon pasaj oblije ki revele yon gwo kou di pou atlèt la. Konsa, nou pwezante kondòleyans nou a tout fanmiy ak zanmi ki afekte anba dèy sa, patikilyèman Nérilia Mondésir ki se yon idol pou peyi Dayiti.

Comments are closed.