Ba Nòwès: popilasyon 2èm Seksyon Ginode mande ki sa li fè lap peye?

470

Ginode/Jan Rabèl____(TRiboLAND) Apwè anpil mannèv ak traka mizè rere, yon ekip TRibolAND ansanm ak Radyo Marconi finalman arive touche maten ki se Samdi 6 jwen 2020, zònn Gwo Basen, 2èm Seksyon Ginode sou komenn Jan Rabèl. Kondisyon moun ap viv nan lokalite sa bay anpil dlo nan je!

Aparisyon ekip medyatik la te etone anpil nan abitan yo ki pat domi reve wè moun ap venn kesyone siyasyon mizè nwa ak kalamite sechrès kwonik ki pwèske voye tout moun anba tè. Depi gouvènman an deklare aparisyon kowonaviris la sou tèritwa nasyonal la, se pwemye fwa yo resi wè moun rive nan Gwo Basen e ap kesyone yo sou kowonaviris la, dapwè temwanyaj plizyè rezidan.

Gwo Basen, 2èm Seksyon Ginode, Ba Nòwès

Abitan yo ki pat manke ekspwime mekontantman yo fas ak swadizan gouvènman ak politisyen raketè ki pa menm arive ofwi yo pa menm yon grenn bokit dlo klore pou lokalite sa ki ta sanble pa egziste nan je Leta. “Jwenn bokit la se youn, mete dlo anndan l lan se yon lòt pèsekisyon; li pran pwèske 2 jiska 3 kilomèt pou popilasyon an al boske yon ti galon dlo nan tèt sous Bab Panyòl, nan zònn Basen Djab, dapwè CASEC Julien Hoover ki tap depoze nan mikwo Marconi FM.

Fyèv, rum, krip, grangou ak sechrès ki date plis pase 3 lane se lo kotidyen moun Gwo Basen ki konfime pwezans yon epidemi fyèv ki achte lokalite a lajan kontan. Kesyone sou posiblite kowonaviris, residan yo ekate tout posiblite kowonaviris. Konsa, yo kwè nan egzistans viris la, sepandan yo rete kwè ke li pa nan mitan yo. Yo deklare ke se yon epidemi fyèv ke lokalite a toujou ap travèse chak ane. Abitan yo deklare se gras ak fèy tankou asorosi ak divès lòt ki pèmèt ke yo gen lavi toujou.

Yon lòt bò, CASEC Julien Hoover, 2èm Seksyon Ginode te pwofite fè ti bat bouch tou pandan pasaj medya nan lokalite a. Me Hoover ki konsyan nan egzistans viris la, eksplike diferan manèv ak efò popilasyon an fè pou arive pwoteje tèt yo anba kowonaviris la ke yo sèlman tande nan radyo. Li ajoute pou l di, pa janm genyen yon swadizan responsab ki arive vizite zònn sila nan kad kanpay pou sansibilizasyon.

CASEC la ki tap enumere egzistans plizyè sant sante tankou Dèyè Mònn, Lakoma, Sova ak Bouk Jan Rabèl ki yon bon distans ak Gwo Basen, fè eta de espas sa yo ki pa genyen ase ekipman pou delivwe swenyaj medikal yo. Li akize pèsonèl sant sante sa yo tou kòm moun ki pwèske vle fèmen pòt klinik yo e rete lwen moun ki malad pandan yo pran yon malen plezi pou kategorize nenpòt ka maladi kòm “kowonaviris”. Yon sitiyasyon ki pouse abitan yo pwefere rete lakay yo pou bay tèt yo swen ak plant tradisyonèl.

Avni yon parèy lokalite pa sèten pou popilasyin Gwo Basen an. Yo san klinik, san elektrisite, san dlo e sechrès kwaze pye l depi plizyè lane. Sepandan lokalite sa toujou jwenn je dou politisyen raketè chak fwa genyen eleksyon. Antouka, “vye manman pare pou zepina, zepina pare pou vye manman”, se avèk yon parèy detèminasyon ke rezidan yo pa ka tann pou resevwa visit raketè politik, zago loray ak vòlè kòl nan kou mete pye yo nan 2èm Seksyon an.

Comments are closed.