Yon atak kout kouto koz 39 viktim nan yon lekòl pwimè

397

Guangxi____(TRiboLAND) Yon atak kouto fèt jodi jedi 4 jwen 2020 an nan yon lekòl pwimè nan yon rejyon otonòm Guangxi nan sid peyi Lachenn koze 39 viktim.

Selon otorite lokal yo “37 etidyan blese lejèman e 2 granmoun blese grav. Lopital yo te pran tout moun sa yo an chaj e vi yo pa an danje”.

Dapwè medya lokal yo, sispèk la ta sanble se yon gadyen ki aje senkant lane.

Comments are closed.