Dràm nan Fèm Mowo: Yon fanm pèdi lavi l anba kout kouto jalouzi

739
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan aprè midi dimanch 24 dawout 2025 lan, yon sèn trajik brase kè moun nan zòn Fèm Mowo, pi ba Opiton sou Lakwa Sen Jozèf, kote yon jèn dam, Phara Delvariste, pèdi lavi-l aprè li resevwa yon kout kouto nan men Love Nicka, ke moun kapab remake tèt mare ak yon drapo ayisyen.

Daprè temwen ki te prezan sou plas, zak la ta gen rasin nan yon istwa jalouzi ki vin debouche sou yon gwo diskisyon. Sitiyasyon an te dejene rapidman jous kaske Love Nicka ta fin retire lavi Phara avèk kout kouto.

Lanmò sa a soulve gwo tristès nan kominote a epi louvri pòt pou gwo tansyon ant fanmiy yo, daprè kèk moun nan lokalite a. Anpil vwa leve pou mande otorite yo pran dispozisyon prese pou evite gwo deblozay zòn nan.

Share:

Leave a reply