Yon sitwayen ayisyen kondane pou pase 21 lane nan pwizon nan fòse 4 fi fè pwostitisyon

0 461

Boston___(TRiboLAND) Reginald Abraham 51 lane, se non yon sitwayen ayisyen ki jwenn santans li jodi Madi 3 Mas 2020 an poul pase 21 lane ak 10 mwa nan pwizon akoz li te endwi kat viktim nan pwostitisyon.

Yon gran juri federal te jwenn Abraham koupab anba kat chèf dakizasyon pou trafik seksyèl pa fòs, fwod oubyen pwesyon. Li te dèyè bawo nan pwizon federal depi li te arete 6 Septanm 2017 pase. “Abraham ki te abitye rankontre medam sa yo sou rezo sosyàl, te konn ap itilize trik e konvenk yo pou yo vinn viv avèk li. Konsa, li konn al pran yo nan Eta Maine e fòse yo fè pwostitisyon lakay li nan zònn Dracut and Malden pou yon peryòd 4 lane” (2012 jiska 2016), dapwè biwo konmisè gouvènman Etazini, Andrew Lelling.

Konsa, “Abraham te mete gwo pwesyon sou medam yo e fòse yo pwatike pwostitisyon nan New England. Li te arive kontwole yo avèk vyolans fizik, menas, vyòl, donasyon, avèk kalman dwòg ki gen pou wè avèk kokayinn,” dapwè rapò yo.

Abraham te egzije pou restitye plis pase $728,00 bay viktims yo e mandate pou li pase 15 lane anba liberasyon supèvize otomatikman li konplete tèm santans li selon Jij  William G. Young. Koupab la gen pou li fè fas ak depòtasyon tou osito ki fini purje pènn li.

Leave A Reply