Kabarè: Yon fanmiy pran an notaj, yon papa krible anba katouch

0 563

Kabarè____(TRiboLAND) Yon pakèt sitwayen pa konnen ki sen pou yo rele, espesyàlman moun nan lokalite Haut Damier, Komenn Kabarè apwè ke bandi pran an notaj tout yon fanmiy jodi Dimanch maten 3 Me 2020 an.

Apwè ke 2 bandi ankagoule antre nan yon kay e arive genbe an notaj yon manman ak 2 ti nosan, yo tap rete tan antre papa a nan kay la, dapwè sa ki rapòte bay lapwès. Konsa, nad mari nad, pasyans yo te venn about. Kidonk, yo fòse madanm lan rele mari li sou yon pwetèks ki fasilite li kouri antre.

Se konsa, osito ke Joseph Guérold Daslin antre, yo te gentan pwente zam sou li. Bandi yo akapare ti moun yo ki te mare e pandan yo tap kouri yo krible mari a anba kout zam. Nèg bwav ke li ye, Joseph arive jwe anpil ladrès pou li kondwi rive nan perimèt komisarya Kabarè a, kote ke otorite yo te oblije kouri avèk li nan yon sant sante pou swen nesesè.

Avèk tout san fwa bandi yo te fè chemen yo apwè ke yo te fenn relache tou 2 ti inosan yo.

Leave A Reply