Gine-Ekwatoryàl resevwa plis pase 10 tònn Covid-Organics bò kote otorite Madagaska yo

0 330

Gine-Ekwatoryàl____(TRiboLAND)  Gine-Ekwatoryàl apènn resevwa 11, 500 dòz Covid-Organics pou pwevni ak treteman kiratif kowonaviris la. Anpil peyi kapab swiv rapidman egzanp sa tou nan mande Madagaska yon kantite dòz (CVO) medikaman ki kapab ede fwape atè viris kovid-19 la.

Madagaska fè Gine-Ekwatoryàl kado 11,500 dòz CVO sa yo ki ekivalan a 1.5 tònn Covid-Organics. Kagezon an te rive yè Mèkredi swa e se te yon jès solidarite ki te alafwa touche otorite Gine-Ekwatoryàl ki pat manke remèsye pèp malgach la ansanm avèk Pwezidan Andry Rajoelina. Don sa ki genyen 11,500 dòz ap gen pou repati swa 10,000 pou pwevensyon e 1,500 pou tretman kiratif.

 “Se yon kado Pwesidan an ak pèp malgach la pou pèp Gine-Ekwatoryàl la. Nou dwe pa janm bliye ke li enpòtan pou ede lòt peyi, espesyàlman peyi Afwik yo, e li trè ijan pou sove vi moun”, dapwè sa minis enteryè malgach la, Tianarivelo Razafimahefa.

Leave A Reply