Woody Ethéard alyas “Sonson Lafamilia” jwen arestasyon’l an repiblik dominikèn

155
0
Share:
TRiboLAND

05/16/2021

Sen Domeng_____(TRiboLAND) Otorite dominikèn yo poze lapat sou Woodly Ethéard alyas “Sonson Lafamilia” ki te genyen  yon manda “pote vini” DCPJ dèyèl sou deman komisè gouvènman Paul Eronce Villard akoz yon jijman sispèk ak pike kole ke jij Lamarre Bélizaire te pran anfavè Mesye Ethéard sou dosye kidnapping.

Antouka, apwè ke otorite dominikèn yo fin deklare ansyen pwezidan Joseph Michel Martelly “persona non grata” sou tèritwà yo; koulya se arestasyon Sonson Lafamilia ki se bonjan zanmi ansyen pwezidan Dayiti a.

Nap raple, pou kesyon zàk kidnapping, Sonson Lafamilia te jwenn liberasyon li sou benediksyon jij Lamarre Bélizaire: “Ale pa peche ankò”, nan mwa avwil 2015. Plizyè antite legal pat wè klè nan yon parèy liberasyon; konsa, otorite lajistis yo te fòmule yon deman sou dosye nan mwa dawou 2019 apwè anilasyon li.

Otorite dominikèn yo gen pou ekstrade Sonson Lafamilia avan lontan nan peyi Dayiti, kote pou li fè fas ak lajis peyi’l.

Share:

Leave a reply