PM Joseph Jouthe mande arestasyon polisye Fantòm 509 yo ke li konsidere kòm vagabon, tèroris ak bandi

255

11\21\20

Pòtprens____(TRiboLAND) Premye minis Joseph Jouthe lonje dwàt jouda sou group polisye Fantòm 509 yo ki te achte lari Pòtoprens lajan kontan nan jounen vandredi 20 novanm 2020 an. Nan yon entèvansyon ke li fè yèswa, chèf primati a kalifye manm sosyete zonbi a de vagabon, tèroris ak bandi ki pran peyi a an notaj.

“Jodi a mwen mande lapè paske nou pa kapab tolere ke se yon seri vagabon, tèroris, ak bandi abiye an polisye ki pran peyi a an notaj,” daprè chèf Conseil Supérieur de la Police National (CSPN) la ki egzije arestasyon bandi sa yo san pèdi tan.

Antouka, dega Fantòm 509 fè ayè vandredi nan kapital ayisyen a pa piti. Yon mouvman ki kreye anpil leve kouri, anbouteyaj ak kraze ou bwile tout sa yo jwen sou rout yo.

Joune jarèt tranble yè vandredi a ak Fantòm 509, lakoz pou pi piti yon dizèn machin leta bwile nan kad yon krèy revandikasyon polisye yo ki montre ke yo pap jwe ak rejim diktatè PHTK a.

Comments are closed.