Me ki sa TRiboLAND konnen de eta sante lidè Kore Solèy Leve a, Kim Jong Un

0 394
  • Eta sante lidè Kore Solèy Leve a, Kim Jong Un gen anpil espekilasyon ki antoure li, espesyalman lòske enfòmasyon bò kote Greg Palkot ta fè eta de kondisyon sante lidè a dejenere apwè yon operasyon kadyovaskilè.
  • Yon repòt bò kote yon magazenn Japonè ki rele Shukan Gendai, sujere ke Kim Jong Un nan yon eta vejetatif (komatik, enbètè, pa konn moun); enfòmasyon yo fè eta tou de yon evantyèl tonbe (so) lidè a nan moman li tap vizite yon zònn rural nan mwa sa. Yon kondisyon ki te mande entèvansyon chirijikal rapid.
  • Menm magazenn Japonè a fè eta egalman de chirijyen Jim nan ki te an chaj operasyon an, pa abitye deal avèk pasyan ki obèz e li te yon jan nève pandan operasyon an e sa venn okazyone Kim antre nan koma (eta vejetatif), dapwè yon sous non devwale ki fè pati de ekip medikal Kim nan.
  • Peyi Lachenn Depeche yon ekip ekspè medikal nan Kore Solèy Leve. Ekip sa ki akonpanye avèk Pati Kominis Depatman Entènasyonal Lachenn an pati pou Kore Dinò yè Jedi a.  Konsa, tout moun sa yo te resevwa lòd pou yo rete trè diskrè sou nati vwayaj la.
  • Etazini deklare ke li deja genyen yon plan an plas nan ka ke lidè Kore Solèy Leve a ta kraze yon kite sa. Dapwè yon sous entelijans defans Etazini an, yon sityasyon konsa kapab koze gwo tonton konsekans kriz imanitè akoz sitwayen Kore Dinò yo ki kapab ap kouri kite peyi a masivman. Konsa, Etazine ap pase atravè Lachenn yon fason pou pote kout men.
  • Yon lòt repòt bò kote Yonyap Ajans Nouvèl nan Kore Solèy Kouche, demanti enfòmasyon ki ta vle fè kwè ke eta sante Kim ta deteryore. Jounal la kontinye pou li di ke yo pa remake oken bagay biza ki ta sujere ke sante lidè Kore Dinò a nan ti mamit. Okontrè, yon repòt ke gouvènman Kore Solèy Kouche a te fè sòti yè Madi a, konfime ke Jim Jong Un ap jere afè peyi l kòm sa dwa.
  • Nan kòmansman mwa Avwil la, Kore Solèy Leve tap selebwe “Jou Solèy”, yon fèt ke nasyon an onore pou nesans Granpapa Kim, Kim II Sung ki se fondatè Kore Solèy Leve. Konsa, yo te remake ke Kim pat fè ak pwezans ditou ditou.
  • Yè Mèkredi a, Vis –Alatèt Chèf  Biwo Adjwen Jeneral John Hyten peyi Etazini, deklare bay News Fox ke li pa gen oken rezon pou l kwè ke lidè Kim Jong Un toujou ap dirije peyi a. Ofisyèl “Maison Blanche” yo rapòte ke yo ap kontwole sitiyasyon trè pwè.
  • Yè Jedi a, Pwezidan Donald Trump deklare nan pwès konferans sou kowonaviris la ke Maison Blanche toujou bay, panse ke repòt sou maladi Kim yo, “pat kòrèk”.
Leave A Reply