Yon Pastè nan vil Gonayiv jwenn arestasyon l pou tèt li ta maspinen yon ti lèzanj 13 lane.

209
0
Share:
TRiboLAND

Fòs lòd yo nan vil Gonayiv, sou vijilans kowòdonatè IBESR la; mare kou krab, Pastè David Legros.

05-24-2023

Gonayiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Sou vijilans Mèt Sinedais Jean, kòdonatè Enstiti Byennèt Sosyal ak Rechèch nan vil Gonayiv ak ajan PNH yo pwosede ak arestasyon Pastè David Legros, pou tèt li ta maspinen ou maltrere yon ti lèzanj 13 lane.

Sinedais Jean

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè, ti lèzanj 13 lane a, tap fè tchoul Pastè David Legros ak tout fanmiy li, pandan yon bon bout tan.

Yon fenomèn ki pa nouvo e ki pwewokipe anpil fanmiy ayisyèn yo nan peyi Dayiti. Pou anpil moun, fenomèn restavèk la se lamizè, chomaj, ensekirite ak divès lòt faktè ki akouche’l saki lakòz, majorite ti moun ki sòti nan fanmiy defavorize yo nan peyi Dayiti ap konnen lavi difisil ak move tretman.

Antouka, dosye Pastè David Legros a deja fè tèt pou pakè Gonayiv la, pandan Pastè a, ap pase yon titan toujou nan gadavi, dapwè enfòmasyon Wilno Casimir pataje ak TRiboLAND.

Share:

Leave a reply