Tout Lekòl nan Florid ap kontinye adopte aprantisaj a distans pou tout rès ane akademik lan

0 390

Talahasi, Florid____(TRiboLANDNan yon konferans depwès li bay apwè midi Samdi 18 Avwil la, Gouvènè Eta Florid la, Ron DeSantis ansanm avèk Komisyonè Edikasyon an, Richard Corcoran rekòmande tout lekòl piblik avèk pwive, kòmanse sou K-12 pou yo kontinye enplemante aprantisaj a distans lan e pou yo kenbe tout kanpus lekol yo fèmen jiska 3 Jwen, rès ane akademik 2019-2020 an.

Gouvènè a rapouswiv pou fè konnen ke tout distri nan Florid la ap travay san pran souf ansanm avèk Depatman edikasyon nan Florid la yon fason pou rann byen operasyonèl plan aprantisaj a distans lan; e lekòl chatè publik ak pwive yo ap benefisye menm sipò a tou, yon fason pou sèten ke genyen yon kontinwite nan delivwe mèyè sèvis edikasyon atravè Florid la.

Gouvènè DeSantis estime ke Kovid-19 la se yon gwo baryè pou etidyan ak edikatè yo. Li felisite edikatè yo ki fè yon job fantastik lòske se yo menm ki pran leadership aprantisaj a distans lan atravè tout peyi a nan sikonstans sa.

Leave A Reply