UNNOEH mande pou lekòl yo ouvri pòt yo 7 novanm 2022 yon fason pou asire yon bon ane akademik.

1,248

10-31-2022

Fòlibète, Ayiti __(TRiboLAND) Nan yon nòt pou Laprès li mete deyò, Inyon Nasyonal Nòmalyen Edikatè Dayiti (UNNOEH ) branch Nòdès, fiske pozisyon l sou konjonkti politik peyi-a twouve l jodi a. Daprè li, li pa konpran ki sa koz lekòl la pa ka fonksyone alòske tout lòt sektè yo ap bouje. UNNOEH deklare fòk dirijan yo degaje yo kou mèt jan jak pou pèmèt elèv yo pran chimen lekòl nan yon anviwònman pwopis, pèsib ou trankil 7 novanm kap vini la.

Kòdonatè Depatmantal Nòdès UNNOEH a, François HERNICK atire atansyon otorite yo nan Gouvènman an, sitou PM Ariel HENRY pou rezoud pwoblèm gaz la, lavi chè ak ensekirite a. Sa sèten, se sa ki kòz lekòl la pa fonksyone depi 3 oktòb, e chovi yo riske lage nan delenkans.

Nan sans sa li mande paran yo ak sendika anseyan yo pou sòti nan silans yo pou rele anmwe nan pye dirijan yo pou asime responsabilite yo pou mete sekirite nan peyi a. Menm si lavi a tèt nèg, men yo dwe voye timoun yo lekòl 7 novanm kap vini la pou yo konble ane akademik la.

Pwofesè HERNICK fini nòt li a avèk yon istwa Biblik pou di Premye Minis Ariel Henry sil pa veye l, sak te pase Wa Farawon nan peyi Ejip la, li kapab pase l Ayiti, Bondye pèp israyèl la pral aji lè sa koupab la ak tout inosan an ap pini.

Comments are closed.