Me ki sa TRiboLAND konnen de nèg ki touye anba bal plis pase 10 moun nan Kanada talè a

289
0
Share:
TRiboLAND
  • Polis fè repòtè konnen ke asasen an gen 51 lane e li rele Gabriel Wortman.
  • Li soti nan pwovens Nova Scotia e li touye plis pase 10 moun pandan yon 12 èd tan deblosaj.
  • Li touye plizyè moun nan diferan lokasyon e jiska pwezan you kontinye ap kontabilize viktims.
  • Ta gen nouvèl ki ta fè konnen ke Wortman ta mouri anba kout zam Fòs Polis Royal Kanada yo; yon nouvèl ki poko ka konfime.
  • Masak yo te kòmanse ap manniganse byen ta yè swa nan yon ti vil kot Atlantik la ki rele Portapique apepwè 130 kilomèt zònn solèy leve kapital pwovens Halifax.
  • Fiziyad sa, dapwè fòs polis yo ta sanble se pi gwo zak asasinaj Kanada pa janm konnen depi ke yon asasen te touye 15 fi nan Montreal nan Desanm 1989
Share:

Leave a reply