Fineray pitit gason PDG Rony Colin: PM Jouthe Joseph te pami gwo dinyitè yo

0 404

Kwadèboukè____(TRiboLAND) Nan kad pou di orevwa a pitit gason PDG Rony Colin ki te mouri 13 Mas 2020 nan Eta Florid nan peyi Etazini, divès dinyitè leta, fanmiy ak zanmi te plen ra bouch jodi Samdi maten 18 Avwil la, Paroisse Sainte Thérèse de l’Enfant Jésus ki localize nan Lilavwa 42 nan Kwadèboukè.

Yon seremoni fineray ki make avèk pwezans yon seri Gran Toryan nan pouvwa Tet Kale a. Prezans tankou: PM Jouthe Joseph, yon latriye otorite jisdisyè ki te akonpanye avèk pwezans Komisè gouvènman Kwadèboukè a, Mèt Maxime Augustin ak Mèt Ralph Yonel Dimanche, Dwayen Tribinal pwemye enstans jiridiksyon an.

Anplis de sa, ansyen Senatè Moise Jean Charles, ansyen Depute Manès Louis ak ansyen PM ou Fondatè Pati politik “Renmen Ayiti”, Jean Henry Céant te reponn pwezan nan vize pou akonpanye Rony Colin Jr. nan dènye repozwa etènèl li.

Nap raple, seremoni finèb pitit gason PDG Radyo Tele Zenith lan te fèt anba direksyon kire pawàs la Reveran Pè Bichara Delisca ki te jwenn akonpayman plizyè lòt kire. Kadav pitit pwemye Majistra Komenn Kwadèboukè a te antere nan yon tonb lafamiy nan Vilaj Rony Colin ki nan Bon Repos, nan zònn solèy leve kapital la. Ke nanm defen an repose an pè!

Leave A Reply