Delegue Depatman Nò-a, Antonio Jules twouve-l nan gadavu nan Okap Ayisyen

0 331

OKAP_(Triboland) Anba enstriksyon Jij Emmanuel Vertilaire kap travay sou dosye Kafe Tryo-a nan Okap Ayisyen, Delegue depatmantal Nò-a, Antonio Jules ansanm avèk Guensly Joseph twouve-l nan gadavu kote ke yo gen gwo tonton akizasyon zak lanmò Jacques Dubois pandye sou tèt yo.

Se te 28 Avwil 2018 lòske nan Okap Ayisyen nan Kafe Tryo yon atak grenad te fèt sou yon gwoup konferansye ak yon odyans angaje tap troke lapawoli sou dosye Gaspiyaj Lajan petwo Karibe-a.

Pami konferansye yo te genyen senate Youri Latortue ak Jacques Sauveur Jean. Plisyè viktim blese te anrejistre e yon sitwayen ki te pòt pawòl Òkès Twopikana, Jacques Dubois te jwenn lanmò li nan sikonstans latèrè sa.

Leave A Reply