Gwoupman kiltirèl ak nèg mawon yo nan komin Senlwidinò òganize yon mach lendi 05 desanm 2022 a.

1,113

  12-05-2022

Senlwidinò, Ayiti (TRiboLAND) Gwoupman kiltirèl ak Nèg Mawon yo òganize yon mach nan lari a pou make 530 lane depi Christòf Kolon ak akolit li yo te vin ramase tout richès peyi a epi touye Taynòs yo.

Kalyn Estima nan entèvansyon l, fè konnen yo pran lari a pou montre koupe fache yo genyen ak blan piyajè ki pa janm bouke redwi pèp sa a nan esklavaj sou tout fòm.

Yo nan lari  Senlwidinò ak chèn nan pye e kòd anba bwa pou fè sonje tout sa ansyen zansèt yo te sibi anba men kolon blan yo. Yon espektak ki pike kiyozite tout popilasyon Nòlwizyèn nan.

Yo sèmante pou yo toujou gade kilti yo kòm pèp nwa. Yon aktivite ki reveye lespri tout moun nan popilasyon an sou dat sa ki enpòtan nan istwa pèp Ayisyen an.

Pierrilien Nicol Colly

Comments are closed.