Moise Jean Charles, lidè PPD nan, debanke nan Wanament an chango, nan lide pou bay aktivite kanalizasyon ayisyen yo sou Rivyè Masak.

122

09-13-2023

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Politisyen ayisyen byen koni, Moise Jean Charles pote sipò li bay popilasyon Wanament lan ki deside rapouswiv avèk pwojè konstwiksyon ou pwiz kanal Rivyè Masak la, yon fason pou yo jwen tigout dlo awozaj an favè tè Maribawo yo kap fini sou pye.

Lidè Pati politik Pitit Desalinn nan, deklare ke se yon foli konfli initil ou san sans ke pwezidan dominiken an, Luis Abinader ap pwovoke; konsa, Moise Jean Charles ki te jwen yon bon akèy grese sere bò kote popilasyon an ki te souplas k’ap jere e travay lajounen kon lanwit, te aklame lidè nasyonal la avèk anpil foug patriyotik.

Pou Moise Jean Charles, se yon fo konfli ki pa genyen sans; konsa, li swete otorite tout 2 peyi yo trouve yon chita sou yon mwayen ki kapab degaje kalm ak trankilite. Li swete egalman ke Luis Abinader fè apèl ak rezon ou bon sans

Toutfwa, Moy, tankou anpil senpatizan ta di, felisite travay ak detèminasyon ayisyen yo, ki mete tout yo menm atrav`e yon elan patriyotik pou rapouswiv avèk travay yo lanwit kon lajounen. Lidè Pitit Pati Desalinn lan mande pou travay kanalizasyon yo kontinye vanse san gade dèyè.

Nap raple, pwezidan dominiken ki ta sanble pa genyen konseye, avanse yon pyon san sans pou sèl yon ti priz dlo; alòske otorite dominikèn yo deja pran 11 priz dlo sou Rivyè Masak, san jamè konsilte ou diskite otorite ayisyèn yo ofisyèlman. Avèk ki tit, pou yon parèy frekansite ak odas!

Alò, pou ayisyen mete yon bout ak awogans rasis e menas san rete pou fwajilize Ayiti nan avantaj devlopman yo; se pou tout ayisyen konsanti soufwi, men pou yon Leta desalinyen responsab, militarize peyi Dayiti, si yo bezwen genyen respè devan yon pakèt peyi ki soufwi nostalji kolonyalis.

Comments are closed.