Bann rara atravè peyi a pa sispann foule anba pye konsiyn sanitè pou kovid-19 la

0 439

Sen Lwi Dinò____(TRiboLAND) Sa ki toujou make chak ane fèt Pak la nan peyi Dayiti, se gwo festivite Rara ak Majò Jon, ak konsè vaksenn makònen ak banbou rejwisans pou simaye yayad tout kalite.

Sepandan, kontrèman ak lòt ane yo, pandemi kowonaviris la soti pou gate règ jwèt la, nan bay kanpe lwen pa pwoche a tout mouvman rara sou tèritwa nasyonal la, dapwè divès nòt depwès bò kote otorite peyi a ki entèdi rapwòchman fizik ant moun ak moun e sitou ak enplemantasyon pweskripsyon sekiritè yo ki pou anpeche kowonaviris la pwopaje.

Bann rara “Plengrenden” nan Sen Lwi Dinò

Dapwè konsta, majorite bann rara nan divès kwen pa respekte mezi legal gouvènman an, rara nan Leyogann, Gonaiv, Lestè, Wo Monstik, Sen Lwi Dinò ak divès lòt kote, chwazi pa mache nan lojik gouvenman ki dapwè yo anpeche yo pran gwo plezi plen grennen nan danse yayad pandan tout moman semenn sent yo.

Pandan gouvènman ap made pou popilasyon mete tout konsiyn sekirite sanitè yo an pwatik, me nan ki volim anbyans kiltirèl sere kole yon rara nan Sen Lwi Dinò foule anba pye egzijans gouvènman an e fè egalman moun bliye tout modalite ki pou konbat kovid-19 la sou tèritwa nasyonal la. Pita pi tris!

Leave A Reply