Wout Nasyonal nimewo 2 a bloke nan nivo Leyogann: trafik manch long

0 595

Leyogann____(TRiboLAND) Vil Leyogann ap viv yon tansyon mal makak ak pwotestasyo jodi Samdi 4 Avwil 2020 an avèk blokaj kamyon sou wout Nasyonal nimewo 2 a.

Pwotestasyon sa yo ki te kòmanse vè 1: 00 pm konsa avèk divès kamyon ki bare wout la an kwa, vize pou redi zòrèy responsab “Toto Gravel” yo ki pa sispann ogmante pwi sab la tèt nèg.

Yo lonje dwat jouda sou responsab ”Toto Gravel” yo ki pa soti pou desann pwi sab la e ki egalman pwofite absans konpayi Vorbes & Fils pou ogmante pwi materyo sila.

Konsa, blokaj sa okazyone yon reta sistematik ki rann mwayen kominikasyon woutyè ant Lwès avèk Sid peyi ensipòtab.

Leave A Reply