Premye jounen chita tande ant KARIKOM ak yon kolòn aktè ayisyen tout plimay, kòmanse nan Kingston

1,279

06-12-2023

Kingston, Jamayik______(TRiboLAND) Jan sa te pwevwa pou fè gro chita pale ak pale mete la ak bwase lide tout sektè politik anafè sou kriz peyi Dayiti a, bat bouch te kòmanse yè dimanch 11 jen an nan Kingston, kapital peyi Jamayik sou rekèt dirijan KARIKOM yo.

Plizyè aktè te reponn prezan nan yon parèy sòlòkòtò, ki te genyen pou objektif mete majorite belijeran politik ak kèk antite sosyete sivil ayisyènn yo sou menm tab, yon mannyè pou sispann plonje Ayiti devan je planèt la.

Nap soulinye, majorite politisyen ayisyen ki debake ak tche lanp nan peyi rasta a, responsab efondreman peyi Jan Jak Desalinn nan. Konsa, anpil kritik ki pa kwen nan mesaj “One Love” responsab KARIKOM yo, rete kwè patripòch destriktè yo, pa kapab fè pati solisyon an.

Kout pye miz an kontèks la te reyalize avèk PM jamayiken an, Andrew Holness. Antouka, avan Claude Joseph ki se yon ansyen PM PHTK bandi legal te pran lapawòl, Ariel Henry, kap jwe tout wòl yo ak yon pouvwa kap bavade nan yon palè nasyonal kraze nan peyi Dayiti, e ki genyen anpil dosye sal ke li ta enplike, te deklare ak yon ton awogan : “Nous ne sommes pas venus ici pour recevoir des diktats de quiconque. Nous ne sommes pas venus ici pour négocier un nouvel accord. Nous sommes là pour nous entendre entre compatriotes qui ont à cœur l’intérêt national, sur les prochaines étapes dans la marche vers la reconstruction de notre démocratie. Nous sommes entre nous, avec nos frères de la CARICOM, nous pouvons sereinement nous dire certaines vérités en face, sans nous fâcher pour autant”.

Nap raple yon bon group moun ki te sòti nan dyaspora a te enpoze presans yo nan premye jounen chita tande yo nan Jamayik, kote KARIKOM ap rale aktè annafè yo sou kote pou fè moral yo kòm gramoun dezòd kap kraze peyi e enbesilman ogmante soufwans pwòp sitwayen ayisyen parèy yo.

Espere ke yo tire leson, sou sinifikasyon yon parèy pelerinaj ou pwostènasyon devan KARIKOM! “Ke KARIKOM kenbe yo kòm otaj pou petèt yon lane nan yon klas aprantisaj moral ak patriyotism; konsa, Ayiti ap kapab pran yon ti souf respirasyon pou egalman yon lane”, daprè opinyon kèk viktim inondasyon nan Leyogann.

Comments are closed.