Repiblik Dominikènn: yon pwemye moun mouri ak Kovit-19 la

0 350

Sen Domeng___(TRiboLAND) Zònn Ès peyi Repiblik Dominikènn anrejistre pwemye desè sou kowonaviris la jodi Lendi 16 Mas 2020 an, selon konfimasyon Minis Sante dominiken an, Rafael Sánchez Cárdenas.

Viktim Kovit-19 la ki se yon dominikènn ki aje 47 lane te soti nan peyi Lespay; li te genyen VHI/SIDA ak tibèkuloz. Li tap pran swenyaj avan nan yon Sant Sante e apwè transfere nan klinik Cruz Jiminian pou konplikasyon. Li mouri yè Dimanch lan.

Minis Cárdenas konfime egalman 10 lòt moun ki teste pozitiv, sa ki bay yon total 21 moun onivo nasyonal ki deja enfekte ak kowonaviris e yo kontinye ap evalye 25 lòt moun.

Leave A Reply