Komemorasyon Lanmò Papa Dessalines: otorite yo leve kouri anba kout zàm Gang Sangwen Nan Pon Wouj

2,146

10/17/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Nan ki salmanaza Ayiti tonbe la! Pwemye minis Ariel Henry pa arive depoze yon jèb flè nan Pon Wouj alòske alatèt G9 arive depoze kèpòpòz pwòp jèb flè li alokazyon komemorasyon lanmò Papa nasyon an, Jean Jacques Dessalines.

Se yon veritab monstrasyon fòs! Se anba gwo echanj kout zàm yon lòt fwà ankò gwoup gang sangwen arive pwouve se yo menm kap dirije kapital la jounen 17 oktòb 2021 an ki make lanmò Papa Nasyon an.

Se yon lòt inyèm wont, yon lòt salmanaza pou direktè polis la, Léon Charles ki pa arive mete konwòl sou gang yo ki te totalman fè gouvènman ak tout wo etamajò PNH la leve kouri e depweferans pran wout Mupanah, e kite dèyè sèlman ajan CIMO yo ki tap eseye dezesperaman riposte fàs ak atàk manman penba gang yo ki ta sanble genyen gwo men nan entènasyonal la kap founi yo zàm ak minisyon san rete.

Kontrèman, alatèt G9 la, Jimmy Cherisier tap mache lib e libè tout an blan te ale depoze plizyè jèb flè nan Pon Wout an memwà Anperè J.J. Dessalines, kèk tan apwè ke yo fè PNH la leve kouri. Ta menm sanble ke kòtèj PM Ariel Henry te oblije pran wout Marchand Dessalines pou yon evantyèl seremoni.

Kredi Video : Lavi Info

Comments are closed.