Kowonaviris: Itali plonje anba karantènn latèt o pye, tout lekòl fèmen e tout chanpyona sispann

0 331

Wòm___(TRiboLAND) Pwemye Minis Itali a Giuseppe Conte mande tout sitwayen italyen pou evite yon pakèt “deplasman ak va e vyen” sou tèritwa nasyonal la yon fason pou anpeche pwopagasyon kowonaviris la, li òdone tou “entèdiksyon rasanbleman.”

Nouvo mezi sevè sa yo, ke pwemyes minis la pa bay twòp pwesizyon sou modalite yo gen pou detaye nan yon dekrè ki gen pou antre an vigè jodi Madi 10 Mas 2020 atravè tout peyi Itali, dezyèm peyi ki pi afekte apwè Lachinn.

Giuseppe Conte dekrete egalman sispansyon chanpyona foutbòl, pami yon ansanm mezi ki pou minimize epidemi kowonaviris la kap vale teren nan peyi a.

“Pa gen rezon pou pouswiv match ak manifestasyon espòtiv e mwen vle pale de chanpyona foutbòl. Mwen dezole tout fanatik dwe pran nòt,” dapwè deklarasyon Giuseppe Conte nan moman li tap bay yon konferans pou lapwès, san ke li pat bay ka match Lig Chanpyon yo oubyen Lig Ewopa kit e pwevwa nan peyi Itali pwochènn semènn.

Leave A Reply