Youn pami gwo ekspè nan maladi kontajyez gouvènman Donald Trump lan pa ekate posiblite pou yon lockdown nan kèk zònn nan Etazini

211
0
Share:
TRiboLAND

Wachenntonn___(TRiboLAND) Youn nan pami gwo ekspè nan maladi kontajyez gouvènman Donald Trump la deklare sou Fox News ke entèdiksyon vwayaj rejyonal kapab posib nan peyi Etazini yon fason pou anpeche pwopagasyon kowonaviris la.

Nan yon entèvyou avèk Dr. Anthony Fauci jodi Dimanch 8 mas  2020 an, Chris Wallace, tele pwezantatè Fox News mande si administrasyon Trump la ap anvizaje modèl reponse peyi Itali a ki se mete yon entèdiksyon vwayaj rejyonal sitou nan zònn ki gen plis enfeksyon COVID-19 la.

“Tout bagay posib,” dapwè Dr. Fauci. “Nou dwe reyalistik. “Nou pa kwè li tap si sevè nan yon pwen pou pèsonn pa sòti ou pèsònn pa antre. Men si nou kontinye genyen yon seri ka nan nivo sa, espesyàlman nan nivo kominotè, ap genyen sa ke nou rele “soulajman,” kote ke nap oblije fè distans sosyàl, anpeche moun rasanble an foul, kontwole severite sitiyasyon an, eske ou reyèlman bezwen vwayaje, e mwen panse li trè enpòtan pami sa yo ki pi vilnerab.”

Share:

Leave a reply