Kowonaviris: plis mò anrejistre nan peyi Iran

0 391

Teheran___(TRiboLAND) Ministè Sante nan peyi Iran an konfime lanmò 194 moun ki mouri anba kowonaviris la san konte 6566 moun ki enfekte.

Iran se dezyèm peyi ki genyen gwo to moun ki mouri anba kowonaviris la apwè Lachenn, kote viris la te pwemye pran nesans.

Pòt pawòl minister Sante a ki se Kianush Jahanpur nan yon mesaj televise ankouraje tout sitwayen iranyen yo pou yo evite gwo aktivite foul moun; li pi pweferab pou yo rete lakay yo. “Genyen apepwè 743 moun ki ajoute a kantite moun ki te enfekte avèk COVID-19 la atravè egzamen laboratwa,” dapwè sa minis lan deklare jodi Dimanch lan.

“Nan dènye 24 èd tan sa yo, nou anrejistre 49 moun ki mouri ak maladi a e nou genyen yon total 194 mò jiska pwezan.”

IranAir sispann tout vòl sou destinasyon Ewopeyen yo, dapwè sa ajans nouvèl IRNA rapòte jodi Dimanch lan.

Leave A Reply