MSPP: Deklare jiska pwezan Ayiti gen zewo ka sispèk ak zewo konfime Kovit-19

0 620

Pòtopwens___(TRiboLAND) Minis Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) nan yon konferans depwès ke li bay jodi Jedi 12 Mas 2020 mande polilasyon an pou rete tèt fwèt parapò ak rimè san fondman kap sikile ki ta vle fè kwè kowonaviris la ta dejan ap fè peyi Dayiti eksplikasyon. Li deklare Ayiti nan moman lap pale a genyen “zewo ka sipèk e zewo konfime.”

Nan konferans depwès sa, alatèt MSPP sètifye ke jiska pwezan pa gen oken ka sispèk Kovit-19 ke yo anrejistre. Dr. Marie Gretta Roy Clément pwofite pou fè lumyè sou ensidan ki rive Mèkredi ki te 11 Mas 2020 an yon sant karantènn nan Taba ki mete an kesyon 18 konpatriyòt ayisyen ki te soti nan Repiblik Dominkènn (swa dizan te genyen ka Kovit-19 pami moun yo) ke yo te mete yo an karantènn nan Jimani akoz de youn nan pasajè yo ki te mouri.

Minis Clément deklare ke li regrèt ke gen moun ki tap lanse wòch sou batiman (otèl Monte Cristo) karantènn nan e drese barikad anflame nan antre lizyè lokasyon an. Madanm nan estime ke siyasyon kowonaviris la mete tout moun nan le monn ala defansif; sepandan li raple yo tou pou yo fè pwèv de konsilyasyon, asèptans e pa pwan nan panik.

Leave A Reply