Ayiti-Krim: Bandi sou motosiklèt nan Pòtopwens fiziye kè pòpòz 8 moun

0 463

Pòtopwens___(TRiboLAND) Sal redaksyon TRiboLAND aprann yon fiziyad ki fèt gwo midi vè 4:00 pm jodi Samdi 29 Fevwiye 2020 an nan kapital peyi Dayiti, Pòtopwens tou pwè Katedral Pòtopwens lan nan blòk Ri des Miracles.

Selon temwen, bandi ki pa idantifyab sou motosiklèt ouvè kout zam sou pò malere sitwayen ayisyen ki tap pase. Konsa lachman, genyen mwens pase 8 moun ki mouri.

Yon sitiyasyon ki revolte konsyans yon pakèt moun ki pa konnen ki sen pou yo rele.

Leave A Reply