Pòtpawòl SPNH la mande popilasyon an pou dechouke Jovenel Moise e latriye

0 416

Pòtopwens___(TRiboLAND) Pandan zam pa sispann chante sou Channmas jodi 23 Fevwiye 2020 nan kad pwotestasyon ajan SPNH yo, Pòt pawòl SPNH la deklare sou yon radyo nan kapital la, Pòtopwens ke pa gen pèsònn ki responsab deblosaj ak masak nan peyi Dayiti nan moman sa pa lòt moun si non ke: Pwezidan Jovenel Moise, Pwemye Minis, Minis Enteryè a, Minis Jistis la ansanm ak DG PNH la se yon ekip ki merite dechouke e bay peyi a blanch paske se yo ki gansterize peyi a e se yon pakèt kriminèl kap efondre peyi e redwi tout moun an ranyon.

Dapwè pòtpawòl la, yo mande pèp la akonpanye yo e detèmine ke se atravè Lapolis la pou peyi a jwenn chanjman ke lap chèche a. Yo akize Pwezidan Jovenel Moise kòm restavèk blan ki detèmine pou ede detwi pèp ayisyen an e pa sispann kreye gwoup ame ak masak nan peyi.

Leave A Reply