Batiman FASCH la ap pare tou limen nan mwa Avwil la

0 377

Pòtopwens___(TRiboLAND) Alatèt Bureau Monétisation des Programmes d’Aide au Développement (BMPAD), Fils-Aimé Ignace Saint-Fleur nan yon visit chantye yè Mèkredi 19 Fevwiye 2020 an, anonse traval reparasyon Faculté des Sciences Humaines de l’Université d’Etat d’Haiti ap pare tou limen nan mwa Avwil la yon fason pou etidyan soti nan maizè rere anba tant lan.

Faculté des Sciences Humaines de l’Université d’Etat d’Haiti

Batiman sa ki te soufwi anpil gwo domaj nan gwoudou gwoudou 12 Janvye 2010 la, te benefisye yon inisyativ pase men anba yon pwogram KR ki te jwenn benediksyon finansman yon montan 68 milyon goud bò kote peyi Japon. Se nan mwa Me 2019 la travay renovasyon sa yo te demare.

Leave A Reply