Pòdpè-Lakwa Sen Jozèf: Yon kamyon fè aksidan, chofè a blese nan zòn Fatima

173
0
Share:
TRiboLAND

11/20/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon aksidan sikilasyon fèt nan jodi vandredi 20 novanm 2026 la sou wout ki konekte vil Pòdpè ak Lakwa Sen Jozèf. Yon kamyon pèdi kontwòl epi li tonbe nan yon bò falèz sou wout Lakwa, nan zòn Fatima, toupre lokalite kote yo konnen kòm kay Man Gibè a. Ensidan sa a lakòz anpil emosyon nan mitan moun ki te prezan sou plas la.

Daprè temwen ki te sou plas la, pa gen okenn moun ki pèdi lavi yo nan aksidan an. Sepandan, chofè kamyon an blese nan ensidan an. Selon enfòmasyon ki disponib yo, li ta menm pèdi youn nan dan li akoz enpak aksidan an. Jiskaprezan, pa gen plis detay ki disponib sou sikonstans egzak ki lakòz kamyon an soti sou wout la.

Aksidan sa a relanse deba sou move kondisyon wout ki konekte Lakwa ak Pòdpè a. Sitwayen yo pwofite okazyon an pou mande otorite konsène yo pran responsablite yo epi aji san pèdi tan pou amelyore eta wout la, ki reprezante yon enpòtan aks transpò pou popilasyon an. Yo estime li enpòtan pou mezi nesesè yo pran pou diminye risk aksidan epi pwoteje lavi moun k ap itilize wout sa a chak jou

Share:

Leave a reply