Mizè, Grangou ak Lavichè apt aye banda nan Kotdefè,1è Seksyon kominal Mòlsennikola

0 399

Kotdefè___(TRiboLAND) Pastè Fedner Jean, responsab yon òganizasyon peyizan ki pote non IPAK “Inyon Peyizan Pou Avansman Kotdefè” lanse yon apèl bay otorite yo nan pi wo nivo Leta a.

Grangou, lavichè ak lanmizè se sa yo kap taye banda nan Kotdefè, 1ere Seksyon Kominal Mòlsennikola. Yon ti sak diri 4 manmit ki t ap vann $ 250 pase nan moman nap pale la a 500 dola ayisyen, yon galon gaz pou veyikil koute 120 dola ayisyen selon kowòdonatè IPAK la, Rev. Pastè Fedner Jean ki mande entèvansyon san pèditan nan 1è Seksyon Mòlsennikola pou yo pote lamen fòt bay popilsyon saa ki lage san sekou.

Pastè Fedner Jean, responsab Inyon Peyizan Pou Avansman Kotdefè (IPAK)

Pastè Fedner kontinye pou l di: malgre pòt lekòl yo te louvri depi mwa Septanm, majorite timoun oblije rete chita lakay yo akoz fèb mwayen ekonomik paran yo. Mete sou sa , sèl espwa peyizan yo, dapwè pastè a, se koupe pyebwa pou fè chabon pou epi vann nan kapital ayisyèn an, Pòtoprens kote chabon sa yo pake yon kote akoz bandi ak zàm ki achte peyi a lajan kontan .

Malgre lapli a kontinye tonbe, nan Kotdefè,1è Seksyon Kominal Mòlsennikola, peyizan yo gen gwo difikilte pou plante latè akoz raze ki anpeche yo achte semans, dapwè lidè espirityèl la ki tap reponn kesyon Triboland.

Saint Jean Wiskis./ TRiboLAND.

Leave A Reply