2 jènn demwazèl afwikènn envante yon katab solè pou etidyan defavorize

386

(TRiboLAND) 2 jènn afwikènn envante yon katab ki ekipe avèk yon lanp solè. Konsepsyon an fèt avèk materyo resikle; teknoloji sa pwàl pèmèt etidyan ki nan sitiyasyon ekstrèm povwete yo ap kapab gen aksè pou fè devwa yo chak swa.

Anpil vilaj nan kontinan Afwik la pa genyen mwayen pou peye pou enèji, e yo menm pafwa pa gen elektrisite ditou. Aswè, pa gen limyè, e li pwèske difisil pou elèv arive fè devwa yo. Konsa, pou rezoud pwoblèm sa, 2 jènn Afwik Disid, Reabetswe Ngwane ak Thato Kgatlhanye mete tèt yo ansanm pou yo mete sou pye yon sosyete ki rele “Rethaka”, ki fabwike “katab solè.” Trè bèl, divès antrepwiz, fondasyon ak moun pèsonèl arive achte yo tankou pate cho, e yo answit distribye yo bay elèv ki nan lekòl ki pi nan nesesite yo.

Katab yo 100% resikle e yo fèt avèk sak plastik ki deja sèvi. Yo genyen yon ti chajè solè, yo chaje nan solèy pandan lajounen e batri yo chaje pou jiskaske li lè pou etidyan yo fè devwa yo. Envantè yo eksplike ke sistèm sa pèmèt elèv yo antre lakay yo avèk asurans lè li kòmanse fè nwa.

Envansyon an pa sèlman yon avantaj pou elèv yo, men li pwomote anplwa tou sitou nan zònn Pwetorya nan kad angaje plis pase 8 anplwayè a plen tan. “Yo asure tout pwosesis koleksyon ak livwezon “SakLekòl” yo jis ale nan lavaj, triyaj ak asanblaj sak yo”, dapwè sa Reabetswe Ngwane deklare.

Tou 2 envantè yo deja ap anvizaje parèt ak lòt pwodwi durab e fonksyonèl pou timoun ki defavorize yo, men yo plis konsantre koulya sou distribisyon katab nan lekòl yo.

Comments are closed.