Pè René Irilan ki te kidnape yè Jedi 30 Janvye a jwenn liberasyon li

0 496

Pòtopwens___(TRiboLAND) Sous kredib konfime TriboLAND liberasyon Pè René Irilan devanjou maten an jodi Samdi 1 Fevwiye 2020. Sepandan, kondisyon antant avèk kidnapè yo rete san devwale.

Se nan sware Jedi ki te Janvye 2020 yon ekip ravisè non-idantifye te kidnape e fèmen nan kalabous Pè René Irilan nan zònn Delmas 75 alòske li te an misyon pou ale nan Dyosèz Ansavo, Miragwann. Malfwa yo ki te genyen anba men yo sèvitè Bondye a pat pran tan pou te kontakte Monsenyè Wildor Pierre sou egzijans ranson an echanj liberasyon Pè Irilan. Konsa, dirijan Legliz Katolik Romènn yo pat manke alète fidèl nan tout kwen peyi a nan yon mobilizasyon pwiyè ki kapab fasilite liberasyon Pè René Irilan ki te an notaj.

Bònn nouvèl maten an! Pè Irilan libere sen e sof; pa menm yon grenn cheve nan tèt li rache! Klèje Katolik la voye yon gwo kout chapo remèsiman bay tout fidèl ki te pran koz Pè Irilan ak 2 bwa e sitou tout sa yo ki te rete sou jenou yo nan moman dramatik sa.

Leave A Reply