Paraguay: 75 pwizonye evade nan yon pwizon nan kreye yon tinèl anba tè

0 372

Paraguay____(TRiboLAND) 75 pwizonye pami yo manm yon gwoup gang Brezilyen, sove nan yon pwizon nan Paraguay nan weekend nan, dapwè otorite yo ki konfime revokasyon pwid sou kou direktè fasilite kaseral yo.

Ofisyèl yo deklare ke yo te dekouvwi yon tinèl e yo jwenn nan selil pwizonye sa yo plis pase 200 sak boure avèk tè. “Li reyèlman enposib pou oken moun pat obsève anyen pandan tout tan sa yo,” dapwè Minis Jistis Cecilia Perez deklare bay Lapwès. “Sa se pa travay yon jou oubyen yon sware.”

Bò kote pa li, Minis Enteryè Euclides Acevedo deklare nan yon nòt ke tinèl la se yon pwetèks mèt dam bò kote ofisyèl pwizon yo pou kouvwi konplisite yo nan fasilite anpil pwizonye soti lib e libè nan antre pwensipal pwizon an.

Leave A Reply