2 mò ak plizyè blese nan gwo manif ki reklame demisyon Jovenel Moise pou kòripsyon

PÒTOPWENS_(TRiboLAND) Tankou jan sa te pwevwa pou jounen 9 Jwen, 2019, yon latriyé òganizasyon politik melanje ak sosyete sivil-la foule beton tankou jan yo te deja ap klerone. Apel mobilizasyon jeneral sa ki te lanse atravè tout peyi-a te vize vit e pwese demisyon chèf deta, Jovenel Moise kòm moun ki ta lapide sakèt lajan petrokaribe-a, dapwè dènye rapò Kou Superyè Dèkont. arive pwan jarèt tou nan tout lòt vil pwovens yo.
Antouka, yo te plizyè milye manifestan divise an gwoup enpwesyonan; pankàt, banndwòl, ak slogan piman bouk tout kalite tap reklame demisyon ak arestasyon chèf men long lan ke yo akize kòm moun ki ta detounen yon vale nan fon Petwokaribe-a ki te destine pou leve ekonomikman Ayiti nan vas labou kòripsyon, vyòl, vòl, kidnapinn, asasina, aktivite gang, chomaj, ak ekstrèm povwete.
Yo reklame depa ak arestasyon tèt koulèv-la yon fason pou egzanp trase sou chèf deta e arive pouswiv jiskobou rès kò mafya yo ki melanje ak Palman e swadizan boujwa kap fini ak peyi-a depi egzistans-li.
Rapò 600 paj Koudèkont lan ki te piblyé semen pase, montre klèman a kip wen dirijan ayisyen yo mechan pa rapò ak zak yo. Jovenel Moise avèk konplisite rejim Michel Martelly-a te menm kòmanse ap fè gagòt ak fon sa menm avan li te vinn pwezidan. Atravè konpayi Agritans ak Betexs, 2 konpayi ki se pwopwiyetè Jovenel e ki genyen menm matrikil fiscal ak menm pèsonèl. Konsa nèg banann te fè tèt li pase pou enjenyè te resevwa nan lane 2017, 33 milyon goud pou yon pwojè wout alòske li te plis nan domènn agrikilti.
Manif 9 Jwen 2019/Video sa montre fason plizyè ajan PNH ap egzekite yon sitwayen ayisyen ak kout wòch.
Antouka, manifestasyon sa se te youn pami yon pakèt key o pwevwa la yon fason pou lage koukourouj dèyè Jovenel ki pou yon premye fwa mete desann ak peyi-a anba fon lanfè ki pi ba-a. Avèk tristès, manifestasyon an ta fini ak yon plizyè zak vyolans: plizyè machinn ta bwile, 2 mò pa bal anrejistre kote ke kèk ajan PNH mal entansyone tap tire sou foul-la e maltrete ak kout wòch kèk manifestan. Yon sitiyasyon ki leve plim sou do popilasyon ki tap filme zak-la; pou kèk moun sa ta sanble ak yon egzekisyon somè.
credit front photo: ctvnews.ca






