Yon lòt ka kidnapping ankò: Direktris Sukisal Sogebank sou wout Frè a

271

11\08\2020

Pòtoprens____(TRiboLAND) Yon lòt ka kidnapping anrejistre nan Pòtoprens vandredi 6 novanm 2020 an. Nan moman li apèn soti kite travay li e le tan pou li achte yon dlo, Direktris Sukisal Sogebank ki trouve’l sou Rout Frè a, Madan Chevalier te gentan trouve’l anba men nèg ame ki pa idantifyàb.

Viktim nan ki genyen anpil ane kap travay nan enstitisyon bankè a, te toujou byen afab ak koutwa avèk yon pakèt kliyan. Konsa, kidnapè yo reklame yon milyon dola US kòm ranson, yon montan ki deja bay plenn nan kè. 

TRiboLAND aprann ke bandi yo tap eseye negosye ak fanmiy lan pandan nan kòmansman weekend nan. Sepandan, entèripsyon kontak avèk bandi yo vinn trè enkyetan!

Ankò, yon lòt zak kidnapping anba je swadizan yon leta ak yon kò polis ki fè yon sèl ak koupab yo.

Comments are closed.