Me sis sentòm yon fanm pa dwe janm inyore

0 745

Otamatikman, yon fanm ap antre nan laj, li dwe aprann konnen yon seri sinyal moute desann ke kò a ap degaje. Anpil fwa manifestasyon sa yo pwezante sou fòm doulè sitou nan moman peryòd mansyèl yo. Fatig apwè yon gwo jounen travay, gwo souf lè ou finn fè egzèsis, eksetera, sa tout afè nòmal. Konsa, lè ou remake kèk chanjman ki pa nòmal, ou dwe al chèche plis klarifikasyon nan men doktè ou. Men ki sa ki chanje konsa? Dapwè Sante an lign (Healthline), tanperati ki wo, doulè ak blesu lestomak kapab yon siyn de yon kondisyon ki serye. An nou gade siyn sa yo plis an detay.

Anpil kranp ak anpil san pandan peryòd ou kapab yon siyn ki endike ke ou gen fibwòm nan matris la.
  1. Respirasyon

Li tout afè nòmal pou ou respire trè kout apwè egzèsis oubyen lè ou finn monte yon eskalye. Konsa, si ou remake ke ou pèdi alènn apwè yon ti mache oubyen ou fè tròp egzèsis, ebyen ale konsilte doktè ou. Lè ou gen respirasyon ki kout tanzantan se yon endikasyon ki vle di ou gen yon pwoblèm kè. E si ou ta resanti yon ti maltèt, vwonmisman ak lestomak fè mal, pran wout lopital imedyatman.

  • Vant fè mal ak peryòd

Si tanzantan ou santi plis kranp oubyen ou santi peryòd la anpil, konsilte jenekolojis ou. Kondisyon tankou fibwòm nan matris la toujou bay doulè ak anpil peryòd.

  • Jarèt

Si jarèt ou vinn trò gwo, sekresyon nan pwent tete ou oubyen chanjman koulè, ou dwe rapòte tout sa yo bay doktè ou. Sonje ke li tout afè nòmal pou jarèt ou anfle nan moman peryòd ou; konsa, si anflamasyon parèt etranj, ou dwe wè doktè.

Anpil fatig

Definitivman wap toujou santi fatig apwè yon gwo jounen travay oubyen si ou pa janm dòmi byen. Konsa, ou kapab menm santi fatig menm apwè ke ou panse ou te byen dòmi, tout sa yo se siyn yon bagay ki pi serye ke sa tankou anemi, depwesyon, dyabèt, dòmi apne, eksetera.

  • Pèdi pwa bwid soukou

Anpil fanm toujou eseye pèdi pwa. Lè ou pran yon inisyativ konsa, ou dwe espere pèdi pwa gradyèlman. Si ou tonbe pèdi pwa bwid soukou san oken efò, chèche konsèy medikal. Pèdi pwa bwid soukou kapab petèt yon siyn maladi kwonik tankou kansè, dyabèt, malady kè, eksetera.

  • Doulè pandan yon ak seksyèl

Nenpòt ki kalite doulè (nou pa vle di doulè muskilè) ou resanti pandan yon ak seksyèl kapab yon siyn endometriyòz. Rapòte sa bay doktè ou.

Koze Fanm, TRiboLAND

Leave A Reply