Operasyon PNH yo kontinye ap vale teren : chofè gwo chèf gang Vitelom ki danse kole ak gwoup gang 400 Mawozo a mouri anba bal lapolis

2,578

01/26/2022

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Chofè gwo chèf gang sangwen Vitelom ki nan kòkòday ak gwoup gang 400 Mawozo nan komin Kwa Dèboukè, Joseph Jefferson alyàs “Jeff” arive blese e mouri anba kout zàm lapolis jodi mèkredi 26 janvye 2022 a.

Nan yon operasyon “manman penba” ki genyen anpwent Direksyon Santral Polis Jidisyè a ak Bwigàd Entèvansyon nan Tabar, lapolis arive marye gwoup kout zàm ak gwoup sangwen yo. Konsa, reselè Vitelòm lan arive tonbe. Yon “pickup truck” blan mak ISUZU, yon motosiklèt, yon pistolè mak fabwik “Glock” ak 2 telefòn arive konfiske.

Nan kad yon parèy operasyon, lapolis arive entèpele yon pwezume mekanisyen reselè gang yo ki rele Jean Fritz Gerald Ricardo Registre.

Comments are closed.