Benefis diven wouj pou sante ou

0 610

Lè wap bwè diven wouj ak yon kantite modere li kreye yon enpak pozitiv sou sante ou akoz li genyen anpil anti-oksidan ladan l.

Po rezen genyen anpil anti-oksidan e yo kapab diminye domaj oksidatif ki nan kò a e ede ou fè pwevansyon kont kansè ak lòt maladi. Anti-oksidan ede gen anpil kapasite pou dechouke anflamasyon avèk blokaj san e li ka menm bay lonjevite.

Moun ki pran abitid bwè apepwè 150 ml diven chak jou pwouve ke yon genyen sèlman 32 % ris pou devlope maladi kè ke anpil lòt moun ki pa bwè diven. Answit, bwè diven a yon ti kantite, ede moun genyen yon bon kolestewòl nan san yo; move kolestewòl la kapab redwi a 50 pou san.

Kèk vè diven chak jou kapab egalman redwi ris kriz kadyak lakay gason ki nan 50 lane yo; e gen dwa menm desann tansyon yo.

Diven wouj dapwè yon seri etid, pwouve yon enpak pozitiv sou moun ki gen pwoblem pèd memwa, depwesyon ak rezistans ensilinn lakay fanm.

Kwen Sante, TRiboLAND

Leave A Reply