Remaniman kabinèt ministeryèl : SDP bay pozisyon l sou nouvo gouvènman an

1,816

Par Louis Jameson

11/25/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Yè aprè midi 24 novanm 2021 an, nan rezidans prive PM nan, Doktè Ariel Henry, André Michel manm Sektè Demokratik e Popilè (SDP) an ki egalman yon sinyàtè Akò 11 Septanm dènye a, pozisyone l devan lapwès sou remaniman kabinè ministeryèl la.

Opozan fawouch, asidik anvè pouvwa PHTK vèsyon 1 ak 2 nan peyi dayit,i deklare yè aprè midi nan enstalasyon remaniman kabinè ministeryel la ke gouvènman sa plizoumwen ekilibre an atandan l ap tann pou wè si y ap travay nan lide pou jwenn amonizasyon ak reponn desiderata poplilè yo.

Yon lòt kote, Michel fè konnen pat janm gen batay lese fwape ant SDP ak PM Ariel Henry, konsa Sektè Demokratik e Popilè pa konn voye wòch kache men. Lè nou konnen Ricard Pierre ansyen senatè sidès peyi Dayiti a, e manm sektè demokratik e popilè se aktyèl Minis planifikasyon nan maniman kabinè ministeryèl sila.

Pou fini, pòt pawòl SDP a di fò e wo ke l pa gen anyen l ap fè ankachèt se sak fè Akò 11 septanm 2021 an, se yon akò politik ki fèt ak diferan tandans tankou PHTKis, Jovenelis, e latriye ini yo sou baz pou adrese tout revandikasyon mas pèp devaforize a.

Comments are closed.