Nòdwès: Latòti ap bouje!

0 377

LATÒTI__(Triboland) Tankou tout lòt òganizasyon kap travay pouf è jefò ak bò lakay yo, òganizasyon ki pote non “Opalmis Ann Ale” ki tabli kò-l nan diaspora-a kòmanse ap bouje seryezman. Nan rapò sou kantite pwojè yo te genyen nan kaye ajanda pou demare ak Opalmis, responsab OAA yo te fyè devan repòtè Triboland nan felisite tèt de yon kantite travay ke yo te arive fè nan yon ti bout tan.

Jènn melanje ak pèsonaj lòt bò dlo, ki konsyan nan ki move kondisyon san koutcha moun sou zile Latòti twouve yo, pwan detèminasyon, tankou tout lòt kote pou chanje eskanp figi Opalmis.

An touka, dapwè responsab yo, tout moun wè se ka pèdi pou peyi sa-a. Anplis, mouche leta pa menm egziste sou zile-a, pou nou pa di se jwenn nou ta jwenn nan men-l. “Pa gen yen nan gato-a pou nou, e si nou rete nan tann nap tounen pwatann. Se nou ki pou pwan responsablite nou pou nou bay zile-a bourad avèk sakrifis ak tèt kole tout petit Latòti ki deyò e ki konnen ke moun pa ka arive viv san oken bagay de baz”, dapwè Kòdonatè Durosier ki tap esplike satisfaksyon yo pou gwo travay betonaj key o sot fè nan sant vil Opalmis lan. Yon travay, dapwè Mesye Durosier kip wan sèlman 6 mwa.

Zile Latòti gen anpil potansyèl e lap fè anpil enstitisyon touristic oubyen kwazyè je dou, men poutan ki tòchonnen devan enkapasite visyonè ou lidè nan peyi-a. Kreye yon “replica” istorik ki kapab bay nesans a yon La Basse-Terre colonialis, ak yon seri pwatik sou Bertrand D’Ogeron ak flibistye yo, san oken dout kapab bay zonn nan plis jarèt ekonomik e jenere pou pi piti anpil bilyon dola vèt pou Latòti ak rès peyi-a. Ale Opalmis! Ann vanse pou pi devan! Bon travay mesye e dàm!

Leave A Reply