Jovenel Moise ap bay travay reparasyon Santral Elektrik Aquin an kontròl

298

09\13\2020

Aquin____(TRiboLAND) Prezidan Jovenel Moise pa sispann renouvle angajman li pou dote peyi Dayiti kouran elektrik 24/24 malgre pou anpil moun se yon pwomès ki san nannan e ki deja pèdi plim!

Antouka, nan kàd pou kontinye afiche volonte li sou nesesite kouran anndan peyi a, chèf Deta ap kontinye vizite diferan chantye nan zòn solèy kouche peyi a, notamman nan Vieux Bourg d’Aquin yè samdi 12 septanm nan yon fason pou fouye je gade travay reparasyon ak grese sere Santral Elektrik rejyon an ki pral alimante 3 komen pandan 18 èd tan chak jou, daprè yon kominike ki soti anndan Laprezidans.

Kidonk, nan jou sa yo anpil bwàs pa sispann miltipliye bò kote gouvènman Moise-Jouthe nan bay dèyè yo 2 tap nan yon seri projè, patikilyèman projè reparasyon.

Comments are closed.