Twa Nouvo Pwèt pwete sèman nan tribinal premye enstans Pòdpe-a

0 684


PODPE__(Triboland) Mèkredi 17 Avwil la nan maten te make prestasyon sèman twa pwèt Katolik nan tribinal premye anstans Pòdpè-a. Apwè ke yo te enkadine nan Pawàs Pòdpè-a, pwèt Louis Morando Hérard, Terbo Watson Lordeus ak Wilfranc Jozapha ta pawl fwanchi yon lòt etap nan vokasyon pastoral yo.

Seremoni-a te fèt devan Dwayen Yves Marie Periclès ansanm ak Komisè Gouvènman Jean Volmey Bellamain san bliye Evèk Gabriel Saintil St Roc pou Dyosèz Pòdpè-a ki te yon lòt fwa ankò tap renouvle kontra (Konkòda 1860 lan) kit e chita sou yon sinyati ant Legliz Katolik ak leta Ayisyen.

Prestasyon sèman sa ranfòse fidelite konkòda-a e li pwal otorize pwèt yo angaje nan sakreman batèm, mariaj, ak anpil lòt bagay. Tout sa yo, selon Monseyè St Roc, antre nan kad relasyon Legliz Katolik Romènn genyen ak Leta Ayisyen pou bay emansipasyon pèp anyisyen an jarèt nan domènn edikasyon avèk sosyàl.

Leave A Reply