Politològ Chaduc Louis deklare oken kondisyon pa reyini pou eleksyon rive òganize andan peyi a.

1,095

01-01-2022

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Politològ Chaduc Louis nan kad yon entèvyou ak TRiboLAND média jounen samdi 31 desanm 2022 a, deklare pa genyen okenn kondisyon ki reyini pou eleksyon òganize andan peyi a.

Politològ Chaduc Louis fè konnen, genyen nesesite pou eleksyon òganize andan peyi a, yon fason pou renouvle pèsonèl politik la, men sepandan fòk genyen dezameman ki fèt nan baz gang yo.

Chaduc Louis voye jete byen lwen nan poubèl, “Akò 21 desanm” nan, li esplike akò sa a, ki siyen an ,vin ranfòse pi plis pouvwa defakto Ariel Henry a.

Politològ Louis esplike dwe genyen yon akò lajman laj ak tout sektè, tout pati politik yo pou evite kriz la tro dire nan peyi a, li kwè fòk aktè politik yo montre monn la yo kapab jwen yon solisyon ayisyèn nan kriz tout kalite a, kap brase bil sosyete a.

JOICY Arnold

Comments are closed.