Nòdwès: Opoziyon an minimize plan nouvo gouvènman chèf leta a

398

Pòdpè___(TRiboLAND) Opoziyon an nan Nòdwès minimize deklarasyon Chèf Leta a, Jovenel Moïse ki fè kwè nan finisman ane 2019 sa a l ap mete soupye yon gouvènman.

Pou responsab MOPOD la nan rejyon Nòdwès la, Me David Jean-Baptiste ak pwofesè Séide Jean Claude, Kowòdonatè MOJAH a ki se Mouvman Pou Ankadre Jenès Ayisyèn an, ki li menm se yon òganizasyon kap evolye nan zantray opozisyon Nòdwès la, endike deklarasyon Jovenel Moïse la plis sanble ak yon rèv, yon pyès teyat, e yon moun ki nan yon lòt planèt Lalaland.

Mete sou sa a, prezidan Jovenel Moïse pa gen pwoblèm gouvènman. Yon grenn bagay pèp ayisyen an ap tann nan men Jovenel se demisyon l kòm chèf deta paske pèp la bouke patoje nanpwan manti nan bouch mesye sa a selon David Jean-Baptiste ak Séide Jean Claude ki kontinye mande opozisyon an pou l pa rantre nan lojik dyalog ak prezidan Jovenel Moïse ki se yon veritab mantè ansuit twòp san koule anndan peyi sa a sou non mesye sa a ke nou pa ka dijere!

Me David ansanm ak pwofesè Séide Jean Claude fini pou di : sèl kado pou Jovenel Moïse ta ofwi pèp ayisyen an nan okazyon Fèt Fen Dane a, se demisyon l yon mannyè pou mete yon bout nan Sistèm Peze Souse a, atravè yon gouvènman tranzisyon ki pral debouche sou KONFERANS NASYONAL dèfen Tunerpe Delpe t ap pwone a depi anvan l te pati pou letènite.

Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Comments are closed.