Endividi pesòn pa rive idantifye asasinen ak kout bal yon pwofesè lekòl nan komin Site Solèy.

828

Jose Ulysse, se non yon pwofesè lekòl ki pèdi lavi li, aprè li te fin resevwa plizyè katouch nan Komin Site Solèy, patikilyèman wout 9.

06-12-2023

Site – Solèy, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi yo pa sispann simen dèy lakay divès fanmiy nan peyi Dayiti. Kidonk, endividi pèsòn pa rive idantifye simen bal sou pwofesè Jose Ulysse, yè dimanch 11 jen 2023 a, nan komin Site-Solèy, patikilyèman wout 9.

Enfòmasyon kap sikile sou lanmò pwofesè a, ta fè kwè, zak malonèt sa a, gen gwo resanblans tèt koupe ak gang bandi G9 ak alye li yo, manyen yonn manyen tout.

Lanmò pwofesè Jose Ulysse, dapwè sa yo rapòte, lage kominote lekòl pwofesyonèl ak lekòl segondè yo nan gwo tèt chaje, san konte fanmiy defen an, ki plonje nan yon veritab sityasyon senti mare!

Comments are closed.